Bettia Prinston Bettia Prinston

Yon refleksyon Pou Nouvo Ane A

Yon ofrann reflektif pou nouvo ane a ki ankouraje ou koute anndan ou. kite ale tout sa ki ale epi avanse ak lape, aliyman ak entansyon.

Mwen swete ou ap kòmanse nouvo ane a nan lapè.

Pandan n ap antre nan nouvo sezon sa a, mwen te vle pataje kèk refleksyon avèk ou sou fason pou jwenn chemen ou pou avanse. Ane sa a pa mande ou vin pi fò nan bri, men pito pou ou vin pi vrè ak tèt ou. Ou pa bezwen antre nan sezon sa a ak fòs; okontrè, mwen ankouraje ou koute kote ki trankil yo kote lespri ou t ap tann ou.

Tanpri, kite sa ki te tonbe yo rete dèyè, paske sa pa t janm gen entansyon kòm yon pinisyon, men kòm yon preparasyon pou sa k ap vini. Ane sa a, mwen envite ou chwazi pwofondè olye de aparans, prezans olye de pwouve, epi aliyman olye de apwobasyon. Avanse dousman ak entansyon, repoze san koupab, epi pale sèlman lè sa enpòtan.

Sonje byen: ou pa anreta. Ou ap vin tounen nan ritm egzak lespri ou bezwen an. Byenvini nan travay anndan an, epi byenvini nan pwochen etap ou nan vin tounen.

Espas Travay Anndan an la pou soutni ou nan vwayaj sa a. Tanpri, kòmanse kote ou ye a, epi rete osi lontan ou bezwen.

Avèk respè,

Bettia Prinston

Lapè Enteryè. Fòs Deyò.


Read More
Bettia Prinston Bettia Prinston

Chemin Lavi a

Gen wout nou fè a pye.

Men gen espas sèlman lespri a ki ka antre.

ESPAS se kote ou retounen lakay ou.

kote bri yo bese,

kote verite a leve,

kote gerizon vin posib ankò.

Si wap li sa a se paske ou sou chemin w wap cheche konnin kiyes ou ye.

Gen kote nou mache ak pye nou. epi gen lòt kote nou rive ak lespri nou.

ESPAS se echel la.

Se isit la ou retounen nan nanm ou.

Kote bri yo vin tounen silans.

Kote verite a leve dousman.

Kote gerizon vin posib ankò.

Isit la, nou pa prese vwayaj la.

Nou mache ak entansyon, ak souf, ak konsyans.

La a ou aprann koute.

pa vwa mond lan,

men pwòp vwa paw vin-tounen-ou.

Espas se yon senpyè.

Yon refij.

Yon glas espirityèl ki envite w gade tèt ou klè, dous, ak onètete.

Chak refleksyon, chak meditasyon, chak mesaj

vize mennen ou pi fon nan verite w.

pati nan ou ki antye, ki saj, ki toujou ap tann ou.

Pran tan w.

Respire.

Kite pawòl sa yo kenbe w.

Kite yo gide w.

Kite yo raple w gerizon ou sakre,

epi vin-tounen-w lan se yon benediksyon.

Byenvini.

Ou an sekirite isit la.

Ou fè pati espas sa a.

Vwayaj ou anndan kòmanse kounye a.

Bettia Prinston


Read More
Bettia Prinston Bettia Prinston

Byenveni Nan ESPAS

La a se tanp pou espri ou. Yon espas kote verite reveye, gerizon koule dousman, epi nanm ou sonje kijan pou li vinn sa li te toujou ye.

Nan espas sa a mwen Pataje refleksyon, lapriyè, ak powèm, tankou limyè sou chemen an, tankou souf pou lespri a.

Se pou pawòl sa yo touche w san bri, men ak pwofondè, epi mennen w tounen lakay ou.

Byenveni.

Ou antre nan ESPAS.

ESPAS se pa yon kote pou prese.

Se pa yon kote pou fè kòmsi.

Se yon espas pou ralanti, pou koute anndan, epi pou fè travay entèryè a ak verite.

Isit la, nou kwè ke sa k pi enpòtan nan lavi a

pa toujou sa k pi briyan,

men sa k pi silansye.

Sa ESPAS ye?

ESPAS se yon espas sakre pou travay entèryè, refleksyon, ak ekzesis spirityèl,

kreye an kreyòl pou moun ki santi bezwen retounen lakay yo— Viv nan verite w.

ESPAS egziste pou:

  • moun k ap chèche lapè anndan

  • moun k ap viv chanjman

  • moun k ap geri

  • moun k ap vin tounen vre moun yo ye a, san maske.

Isit la, ou pa oblije gen tout repons yo.

Ou jis bezwen onèt ak tèt ou.

Poukisa ESPAS egziste

Anpil pawòl nan mond lan fèt pou kouri.

ESPAS fèt pou rete.

Gen kèk verite ki pa vle prese.

Gen kèk blesi ki pa bezwen jijman.

Gen kèk kesyon ki sèlman jwenn repons

lè nou pran tan pou nou koute anndan.

ESPAS egziste paske:

  • pa tout travay entèryè ki fèt an anglè

  • gen pawòl ki leve pi fò nan lang rasin nou

  • gen gerizon ki pase pa memwa, pa souf, pa silans

ESPAS se yon retou, pa yon separasyon.

Kijan pou w mache nan ESPAS

Ou ka antre nan ESPAS jan ou ye a.

Ou ka:

  • koute podcast la

  • li refleksyon yo sou blog la

  • retounen sou menm pawòl yo plizyè fwa

Pa gen lòd obligatwa.

Pa gen ritm fòse.

Koute lè ou bezwen tande.

Li lè ou bezwen rete.

Fè silans lè ou bezwen respire.

ESPAS pa mande pèfeksyon.

Li mande prezans.

Sa ou ka atann

Nan ESPAS, ou pral jwenn:

  • refleksyon sou travay entèryè

  • pawòl ki gide san pouse

  • egzesis konsyans ak espirityèl

  • envitasyon pou w chwazi ou, dousman

Sa a se yon espas pou moun k ap vin tounen yo,

pa pou moun k ap fè pèfòmans.

Yon envitasyon

Si ou rive isit la,

se pa pa aza.

Ou envite pou:

  • pran tan

  • respire

  • tande sa k ap pale anndan ou

Nou antre anndan.

Nou fè travay la.

Nou leve kanpe djanm.

Mèsi paske ou la.

Mèsi paske ou chwazi ou.

Ayibobo.


Read More