Chemin Lavi a
Si wap li sa a se paske ou sou chemin w wap cheche konnin kiyes ou ye.
Gen kote nou mache ak pye nou. epi gen lòt kote nou rive ak lespri nou.
ESPAS se echel la.
Se isit la ou retounen nan nanm ou.
Kote bri yo vin tounen silans.
Kote verite a leve dousman.
Kote gerizon vin posib ankò.
Isit la, nou pa prese vwayaj la.
Nou mache ak entansyon, ak souf, ak konsyans.
La a ou aprann koute.
pa vwa mond lan,
men pwòp vwa paw vin-tounen-ou.
Espas se yon senpyè.
Yon refij.
Yon glas espirityèl ki envite w gade tèt ou klè, dous, ak onètete.
Chak refleksyon, chak meditasyon, chak mesaj
vize mennen ou pi fon nan verite w.
pati nan ou ki antye, ki saj, ki toujou ap tann ou.
Pran tan w.
Respire.
Kite pawòl sa yo kenbe w.
Kite yo gide w.
Kite yo raple w gerizon ou sakre,
epi vin-tounen-w lan se yon benediksyon.
Byenvini.
Ou an sekirite isit la.
Ou fè pati espas sa a.
Vwayaj ou anndan kòmanse kounye a.
Bettia Prinston