FANM KI DÈYÈ PAWÒL YO
Bettia Prinston
Mwen ekri pa paske lavi te dous avè m.
Men paske li te fòse mwen leve nan menm kote yo te eseye kraze m.
Anvan liv yo, anvan jounal yo, anvan The Becoming Shop
te gen yon jèn fanm ki te Konn chita nan Starbucks, san kay, san direksyon, ap ekri verite pou l ka sonje li toujou la.
Te gen lannwit kote mwen te dòmi ak laperèz kòm konpayon.
Maten kote mwen t ap priye pou yon souf.
Jounen kote mwen t ap kenbe yon avni mwen pa t konn jan l t ap vini.
Se te nan sezon fènwa sa yo lespri te rale m.
Kòman Vwa Mwen Te Leve?
Vwa mwen pa t fèt nan kouraj.
Vwa mwen te fèt nan siviv.
Li te leve nan lonbraj.
Li te leve nan silans.
Li te leve lè mwen te santi mwen pa t gen anyen ankò.
E se le sa a mwen te konprann: brize pa limit ou. se pòt ki ouvri sou vin tounen an. Pawòl mwen yo sòti nan dlo je, nan priyè, nan solitid, nan memwa, epi nan mirak ki pa t gen bri men ki te sove lavi m.
Poukisa Mwen Ekri
Mwen ekri pou fanm k ap eseye respire ankò. Mwen ekri pou nanm k ap rebati tèt li depi rasin nan.
Mwen ekri pou moun k ap chèche, moun k ap geri, ak moun k ap leve.
Mwen ekri paske mwen konnen istwa ka geri. Istwa ka reveye. Istwa ka pote limyè nan kote ou te panse ou te bliye.
Travay mwen rache nan:
Lespri
Verite
Rasin zansèt yo
Transfòmasyon ki fèt nan fon nanm nan
Ak vwayaj sakre vin tounen nou tout ap viv la
Chak liv.
Chak jounal.
Chak refleksyon.
Chak chak sa mwen ofri mond lan nan de lang
soti nan kote ki pi pwofon.
Soti nan kote lespri pale, e zansèt yo mache avè m.
Vin Tounen Mwen
Mwen pa fanm mond lan te eseye tounen pousyè a.
Mwen se fanm ki mache nan dife a, ki pa t pè boule,
e ki kanpe jodi a ak yon kè ki vin tounen altè pa l.
Mwen se fanm ki swiv siy, ki swiv rèv, ki swiv vwa zansèt yo.
Mwen se fanm ki konnen silans se yon priyè,
e chak souf se yon temwayaj lavi.
Mwen se fanm ki deside leve, ankò ak ankò,
jiskaske lavi m vin istwa Bondye te ekri pou mwen depi nan vant manman m.
Se mwen menm.
Fanm ki dèyè pawòl yo.
Fanm ki pase nan fènwa pou l pote limyè bay lòt yo.
Fanm ki ekri pou ou ka jwenn wout pou tounen lakay ou.
Byenvini nan mond mwen.